Adventist Pioneer
Library
aplib.orgLibrary
25 / 29

Chapit 24 — Lòt Pwofesi ki Akonpli

John Norton Loughborough

GSAM 376.1"REFLECHI kounye a, apati jodi a e pi lwen, apati venkatriyèm jou nevyèm mwa a, menm apati jou yo te poze fondasyon tanp Senyè a, reflechi sou sa. Èske grenn nan toujou nan granj lan? Wi, jiskaprezan rezen an, pye figye a, grenad la, ak pye oliv la poko bay fwi: apati jodi a m ap beni nou."1

GSAM 376.2Avansman sèten ak san rete mesaj twazyèm zanj lan depi nan kòmansman li ka byen konpare ak pwosperite ki te akonpaye Zerubabèl depi jou li te poze premye wòch fondasyon tanp lan.

GSAM 376Yon Pèspektiv Dekourajan

GSAM 376.3Lè pèp jwif la, ak bous ak granj yo vid, te resevwa apèl pou bati tanp Senyè a, sa te parèt tankou yon pèspektiv ki dekourajan nan je lèzòm. Lè yo te obeyi apèl la pa lafwa, epi yo te antre nan travay la ak volonte, men Bondye ki t ap fè yo pwospere a te vin manifeste pou yo. Pandan n ap suiv eksperyans yo nan devlopman twazyèm mesaj sa a, nou wè men ki gide a avèk moun ki chwazi chemen li. Menm si afliksyon se sò yo, swen Bondye pou pèp li ak pou zèv li toujou vin klè pou moun ki mete konfyans yo nan li.

GSAM 376Temwayaj k ap Delineye Karaktè

GSAM 376.4Nan dat 24 Novanm 1862, de reyinyon te fèt nan menm lè a lakay William Wilson, nan Greenville, Michigan, pou objektif òganize de legliz pou moun ki te aksepte verite Saba a nan zòn sa a. Reyinyon pou legliz Greenville la te dirije pa Pastè White ak madanm li nan yon sal, pandan Pastè Byington avèk mwen menm te gen responsablite yon reyinyon nan yon lòt sal pou legliz West Plains la. Pandan nou t ap fè travay preparatwa nan yon sal, nou te ka tande vwa Madan White pandan li t ap bay temwayaj li nan lòt sal la. Nou t ap rankontre kèk difikilte nan travay nou an, lè, nan moman ki te pi apwopriye a, Madan White te ouvri pòt la, epi li te di, "Frè Loughborough, lè m gade pami moun sa yo, mwen wè mwen gen temwayaj pou kèk nan moun ki prezan yo. Lè w pare, m ap antre pou m pale." Kòm se egzakteman lè sa a nou te bezwen èd, li antre. Apa de Pastè Byington ak mwen menm, li te konnen non twa moun sèlman nan sal la. Lòt yo se te etranje li pa t janm wè, li te sèlman wè yo nan vizyon.

GSAM 377Lavi Mesye Pratt Dekri

GSAM 377.1Lè l te leve pou l pale, li te di: "Fòk nou eskize m pandan m ap rakonte sa m gen pou m di a, si m ap dekri kò nou, paske m pa konn non nou. Lè m wè figi nou, sa Senyè a te vle montre m konsènan nou vini devan m. Mesye sa a ki nan kwen an ki gen yon sèl je [yon moun pale, li di, "Non l se Pratt"] fè gwo deklarasyon, li pretann li relijye anpil, men li poko janm konvèti. Pa mete l nan legliz la nan kondisyon li ye kounye a, paske li pa yon kretyen. Li pase anpil tan l ap flannen nan boutik ak magazen yo, ap diskite sou teyori laverite a, alòske madanm li lakay la oblije koupe bwa pou dife, okipe jaden an, elatriye. Li fè pwomès nan kontra li yo ke li pa janm respekte. Vwazen li yo pa gen okenn konfyans nan deklarasyon relijye li fè yo. Sa t ap pi bon pou koz relijyon an, pou li, nan kondisyon li ye kounye a, se pou l pa di anyen sou sa."

GSAM 378Frè Barr Vin Kontan

GSAM 378.1Li te kontinye, li di, "Frè aje sa a [pandan li t ap lonje dwèt sou li, yon moun te di, 'Frè Barr'] yo te montre m li kòm yon kontrè nèt ak lòt mesye a. Li se yon gwo egzanp nan lavi li, li pran swen pou l kenbe tout pwomès li yo, epi li byen pran swen fanmi li. Li prèske pa oze pale de verite a ak vwazen li yo, paske li pè l ap gate travay la epi fè mal. Li pa wè kijan Senyè a ka gen tèlman mizèrikòd pou l padone peche l yo, e li panse li pa merite menm pou l fè pati legliz la." Apre sa, li di l, "Frè Barr, Senyè a mande m di w ou konfese tout peche ou te konnen yo, e li te padone peche w yo sa gen lontan, si sèlman ou te ka kwè sa." Ekspresyon tristès ki te sou vizaj frè a disparèt rapidman. Li leve gade ak yon souri, epi li di, nan senplisite li, "Èske li fè sa?" Madan White reponn, "Wi, epi yo te di m pou m di w, 'Vini, epi ini ak legliz la; epi lè w jwenn opòtinite, pale yon mo an favè verite a; sa ap gen yon bon efè, paske vwazen w yo gen konfyans nan ou.'" Li reponn, "M ap fè l."

GSAM 378.2Lè sa a, li di, "Si Mesye Pratt ta ka, pou yon ti tan, pran yon pozisyon menm jan ak sa Frè Barr te okipe a, sa t ap fè l byen."

GSAM 378.3Konsa, youn nan rezon ki te fè nou gen difikilte pou òganize a te disparèt. Anvan li te bay temwayaj li a, nou pa t ka fè Mesye Barr dakò pou l ini ak legliz la; tandiske, nan lòt bò a, nou te wè prèske tout moun te opoze pou resevwa Mesye Pratt; poutan, pèsonn pa t santi l lib pou l di poukisa li te opoze.

GSAM 378Jalouzi nan Fanmi Geri

GSAM 378.4Apre sa, li adrese yon nonm ki te gen yon po koulè sab, ki te chita sou yon bò nan sal la; epi li lonje dwèt sou yon fanm ki te gen figi mens ki te sou lòt bò sal la nèt, li te adrese yo kòm mari ak madanm. Li te dekri kèk bagay ki te pase nan lavi yo anvan, anvan youn nan yo te fè okenn pwofesyon de verite a. Li te di Satan te agrave bagay sa yo nan lespri fanm nan jiskaske sa te fè l vin fou. "Mwen te wè," Madanm White te di, "ke fanm sa a te pase ennan nan lopital moun fou; men depi li reprann sans li, li pèmèt menm santiman jalouzi sa yo deranje lespri li, sa ki fè mari li anpil lapenn, paske li te fè tout sa l kapab pou l montre madanm li ke li te fidèl avè l, e ke li pa t gen okenn rezon pou l te kenbe l a distans konsa."

GSAM 379.1Nan yon moman, madanm nan kouri travèse chanm nan, epi li tonbe ajenou pou l mande mari l padone l. Moun yo te prèske etranje nan zòn nan, e pèsonn pa t konnen istwa yo. Sepandan, moun ki te pi konnen yo te konnen te gen yon dezakò ant yo, men yo pa t konnen kòz la.

GSAM 379Menm jan ak Elize ak Azayèl

GSAM 379.2Apre Madan White te fin bay temwayaj li, travay pou òganize legliz la te byen vit fini. Mesye Barr te antre nan òganizasyon an ak tout kè l, tandiske Mesye Pratt te rete deyò. Kou reyinyon an te fini, dènye a te di, ak anpil anpil fòs, "Men sa m di w, sa pa sèvi anyen pou w eseye mache ak moun sa yo epi jwe ipokrit; ou pa ka fè l."

GSAM 379.3Deskripsyon karaktè a, menm jan ak nan egzanp anwo a, fè nou sonje fòsman yon ka ki sanble ki te anrejistre nan epòk Elize pwofèt la:2 Benadad, Wa peyi Siri, te voye sèvitè li a, Azayèl, kay Elize pou l te mande si l t ap geri anba maladi l la. Elize te gen yon vizyon sou ka Azayèl la, e kou mesye a parèt devan l, epi li gade vizaj li, tout bagay vin parèt aklè nan lespri l.

GSAM 379Pastè White Frape pa Paralizi

GSAM 379.4Mèkredi 16 Out 1865, Pastè White, akoz li te travay twòp epi li pa t dòmi ase, li te fè yon atak paralizi. Kòm pa t ko gen enstitisyon sante pami pèp nou an, yo te mennen l Dansville, N.Y., nan yon enstitisyon sante ki te rele, "Kay Nou sou Pant Mòn nan." Madam li ak moun k ap ekri liy sa yo te avèk li la soti 14 septanm pou rive 7 desanm. Kòm li pa t jwenn anpil soulajman ak tretman yo te ba li nan enstitisyon an, nou te ale lakay Bradley Lamson ki te gen anpil ospitalite, nan Lake View, Rochester, N.Y., kote nou te rete pandan anviwon twa semèn. Se la nou te kontan rankontre Pastè J. N. Andrews, ki te fèk retounen nan vil sa a apre li te fin pase plizyè mwa nan Maine.

GSAM 380Lapriyè pou Pastè White

GSAM 380.1Fanmi Pastè Andrews ak Mesye Orton te konn reyini avèk nou chak aprèmidi pou yon moman lapriyè avèk Pastè White epi pou li. Sa te kontinye jiska 25 Desanm. Pandan lemonn deyò a te plen ak kè kontan ak fèt nan jou Nwèl sa a, legliz Rochester la te obsève l kòm yon jou jèn ak lapriyè pou Pastè White. Nou te gen reyinyon ni nan maten ni nan aprèmidi, lakay Pastè Andrews, nan New Main St., epi nan aswè, moun ki te konn lapriyè ak Pastè White yo te rankontre avè l ankò lakay Mesye Lamson.

GSAM 380Vizyon ki te Bay nan Nwit Nwèl la

GSAM 380.2Reyinyon aswè sa a te yon reyinyon ki te gen anpil fòs. Pastè White te beni anpil, epi Madan White te resevwa yon vizyon mèveye, kote yo te montre l anpil bagay. Pami bagay sa yo te genyen enstriksyon pou Pastè White sou fason pou l te aji pou l te ka mete lafwa l nan Bondye an pratik, Bondye ki te klèman lonje men l pou l te travay pou li pou l te ka reprann sante l.

GSAM 380Atak Satan an te Predi

GSAM 380.3Pou moun ki t ap priye pou Pastè White yo, Madanm White te di:

GSAM 380.3"Objektif Satan se te detwi mari m, epi mennen l nan tonm. Gras a lapriyè sensè sa yo, pouvwa l kase. Yo te montre m ke Satan an kòlè kont gwoup sa a ki te kontinye pandan twa semèn ap priye ak tout kè pou sèvitè Bondye sa a, e kounye a li detèmine pou l fè yon gwo atak sou yo. Yo te di m pou m di nou, 'Rete kole ak Bondye, pou nou ka pare pou sa k ka rive nou.'"

GSAM 381Premonisyon J. T. Orton

GSAM 381.1Nan premye jou mwa janvye 1866, Pastè White ak fanmi li te pran tren pou ale Battle Creek, Michigan. Mwen menm, mwen te rete nan lwès New York pou rès sezon fredi a. Depi nan menm swa yo te bay vizyon an, Mesye J. T. Orton te santi lavi li te an danje, men li pa t konnen ki kote sa t ap soti. Enpresyon sa a, li te eksprime l bay plizyè moun. Dimanch swa 4 Mas, li te retounen Rochester soti Parma, kote li te patisipe nan yon reyinyon ki te dire de jou, ansanm ak Mesye E. B. Sanders (ki kounye a, an 1905, ap viv San Jose, Kalifòni), li te mande l pou l te kenbe l sou lari ki pi klere yo pandan yo t ap mache nan vil la, "paske," li te di, "mwen santi tout tan kòmsi gen yon moun ki pral eseye touye m." E poutan, li pa t sanble gen okenn lide kiyès ki te vle pran lavi li.

GSAM 381.2Mwen te retounen Rochester soti Parma, jou ki te 7 Mas la, epi m te rete lakay Mesye Lamson, bofis Mesye Orton. Jou 8 la, li menm ak Madan Orton te vin wè nou, epi nou te fè aranjman pou nou ale nan demen maten nan tren pou Lancaster, nan Konte Erie, kote m te gen pou m ofisye seremoni maryaj pou sèl pitit gason li a. Nou te pase jounen an byen, men se te yon jounen solanèl.

GSAM 381Asasinay J. T. Orton

GSAM 381.3Yo te kite kay Mesye Lamson a 5è nan aprèmidi, epi a 7è 30 nan aswè, yon kourye te vini, pou fè nou konnen yon atak brital yon moun enkoni te fè sou Mesye Orton nan granj pa l la, pandan l t ap okipe chwal li yo. Nou te prese ale sou plas la, epi nou te jwenn yo te bat li britalman nan tèt ak yon moso bwa charyo ki gen fè nan bout li, epi li te pèdi konesans. Li te mouri a 12:35 nan mitan lannwit sa a. Jiska jounen jodi a, pèsonn pa konnen kiyès ki te komèt zak mechanste sa a. Se sèten se pa t pou lajan, paske mont li ki te nan pòch li pa t touche, menm jan ak bous li a ki te gen $45 ladan l. Sa te yon gwo chòk pou Madan Orton, e li pa t janm refè anba konsekans sa a. Sante kò l te vin febli rapidman, e li pa t viv lontan apre mari l.

GSAM 382Prediksyon ki te Fèt nan Nwèl sa a Reyalize

GSAM 382.1Nan kèk mwa apre sware Nwèl memorab sa a, sis nan nèf moun ki te patisipe nan twa semèn lapriyè sa a te anba tè. Epi konsa, yon lòt prediksyon te akonpli yon fason ki te frapan anpil.

GSAM 382Sekou pou Moun ki Desespere

GSAM 382.2Nan maten byen bonè 12 Desanm 1866, Elias Stiles, ki soti North Liberty, Indiana, te vin lakay mwen pou m te ale avè l nan kote sa a pou m te pote sekou, si sa te posib, bay James Harvey, ki te nan dezespwa e ki te santi pa t gen okenn espwa pou ka li a. Kòm mwen te konnen Madan White te gen yon vizyon ki te kouvri anpil bagay nan dènye vizyon yo te ba li a, e ke anpil ka te montre li pwofetikman, mwen te di l, "Li posib pou Sè White te wè yon bagay konsènan ka li a, e si se konsa, epi si li ekri l, sa ap gen plis fòs pase nenpòt bagay mwen ta ka di l."

GSAM 382.3Nou te ale wè l touswit, e san pèsonn pa t di l anyen sou kondisyon Misye Harvey, mwen mande, "Sè White, èske ou te resevwa okenn limyè nan youn nan vizyon yo te ba ou konsènan ka Frè James Harvey?" Li di, "Wi, mwen te resevwa, e sa fè kèk jou depi m santi m ta dwe ekri l pou m voye ba li." Lè sa a, li te kòmanse rakonte nou sa li te wè. Mwen te di, "Mwen pral al wè l demen, e si w ekri sa yo te montre w la, m ap pote l ba li." Avèk akò sa a, nou te kite l, epi nan aswè nou te tounen vin wè l. Li te fin ekri l, epi li te fè nou plezi li l pou nou.

GSAM 383Temwayaj pou James Harvey nan Dezespwa

GSAM 383.1Temwayaj la te di klèman ke Misye Harvey t ap vin fèb anpil nan sante, e ke Satan t ap chèche pouse l nan dezespwa, epi eseye fè l panse pa t gen okenn mizèrikòd pou li, e pa t gen okenn espwa nan ka li; men li te wè li te fè tout sa li kapab pou l korije erè nan lavi pase li, e Bondye te padone l; epi anplis, lè li ta santi anvi detwi tèt li, yo te montre l ke zanj Bondye yo t ap vire arebò l epi yo t ap montre l pou l gen espwa nan Bondye ak nan syèl la. Te gen anpil pawòl konsolasyon ak ankourajman konsa nan temwayaj la.

GSAM 383.2Avèk dokiman sa a nan men mwen, nou ale nan North Liberty nan demen maten. Sou wout la, Mesye Stiles te di m ke Mesye Harvey te vle wè m, men li te di ke mwen pa t ap gen okenn pawòl espwa pou li; ke, lè m ta rankontre l, mwen ta dakò avè l ke ka li te san espwa, ke li te yon nonm pèdi; epi, tankou Eli nan tan lontan, lè yo te di l ke yo te pran lach Bondye a, li ta tonbe dèyè epi mouri.

GSAM 383.3Nou te rive lakay Mesye Harvey bò 3 zè nan aprèmidi. Lè m te rankontre l, mwen te di, "Frè Harvey, kòman ou ye?" Nan yon vwa ki te chaje ak lapenn, li te reponn, "Pèdi! pèdi!! PÈDI!!!" "Non! Ou pa pèdi. Gen espwa nan ka w la!" Mwen di. Lè l wè mwen reponn li konsa, li di, ak yon vwa ki pi kalm, "Sa fè twa semèn depi m panse pa t gen okenn espwa pou mwen, e ke mwen te pèdi; e jodi a, pandan m t ap antre nan vil la sot nan fèm nan, epi m t ap pase sou pon letan moulen an, yon bagay te sanble di m, 'Ou pèdi vre! Pa gen okenn espwa pou ou! Sote nan basen moulen an pou w noye tèt ou!' Mwen te panse si m te fè yon bagay konsa sa t ap pote dezonè sou kòz Kris la, e se konsa mwen te kenbe tèt mwen pou m pa detwi tèt mwen."

GSAM 384Delivrans te Rive Byen Vit

GSAM 384.1"Ebyen, Frè Harvey, ou pa pèdi!" Mwen te di. "Mwen gen yon temwayaj isit la ki soti tou dwat nan syèl la, ki di ou pa pèdi!" Li te reponn, "Bon, m ap koute l." Apre sa, mwen te li temwayaj la pou li, apre m te fin di li yo pa t mete yon sèl mo nan men m. Lè m te fin li a, figi l te klere ak yon souri pandan l t ap di, "Donk, gen espwa pou ka m nan. Mwen kwè nan Senyè a vre."

GSAM 384.2Apre lekti a, nou te fè yon moman lapriyè, epi li te leve kanpe kòm yon moun ki chanje e ki kontan. Li te di nou ke tèks la te dekri jan lespri li t ap travay pandan twa semèn ki sot pase yo pi byen pase jan li menm li te ka fè l. Se konsa lanmou Bondye te parèt klè nan fason li te delivre frè sa a anba dezespwa pa mwayen sa a.

GSAM 384Chan Travay la Elaji

GSAM 384.3Jiska ane 1868, chan travay Advantis Setyèm Jou yo te limite a Etazini, ak nan pati ki nan nò fwontyè sid Missouri ak nan lès Rivyè Missouri a. Nan yon reyinyon pou konsidere chan travay yo ak distribisyon travay la, pandan yon sesyon Konferans Jeneral la ki te fèt nan Battle Creek, Michigan, 28 me, yo te deside voye de travayè ak yon tant swasant pye longè nan Kalifòni. Pastè D. T. Bourdeau ak moun k ap ekri sa a te rive San Francisco 18 jiyè nan ane sa a.

GSAM 384Ouvèti Misyon Kalifòni

GSAM 384.4Gen yon bagay mwen ta renmen note anrapò ak ouvèti misyon Kalifòni an, ki byen ilistre itilite pratik kado pwofesi a. Pòl, lè l ap pale de kado espirityèl yo, ki gen ladan l kado pwofesi a, di yo la "pou pèfeksyon sen yo, pou travay ministè a, pou bati kò Kris la."3 Se sèten, fason ki pi pratik pou pèfeksyone sen yo se montre yo erè yo, pou yo ka abandone yo, epi pou yo lave yo anba peche yo nan san presye Senyè nou an Jezikri. Pou sa, èd atravè kado pwofesi nan travay ministè a te toujou manifeste an koneksyon ak koz verite prezan an, li te montre sèvitè Senyè a defo nan fason yo t ap travay, epi kijan, atravè yon lòt metòd, yo ta ka pi efikas nan konvèsyon nanm yo.

GSAM 385Temwayaj sou Kijan pou Travay nan Kalifòni

GSAM 385.1Yon ti tan apre nou te rive Kalifòni, nou te resevwa yon lèt Madan White, kote li te rakonte yon vizyon li te resevwa nan Battle Creek vandredi swa 12 jen an,—yon jou nou te pase Lancaster, N. Y., anvan nou te kòmanse vwayaj pou Kalifòni an. Li pa t janm ale Kalifòni, e li pa t gen okenn konesans pèsonèl sou abitid pèp la. An reyalite, nan epòk sa a, li pa t janm ale nan lwès Rivyè Missouri a. Nenpòt konesans li te genyen konsènan bagay ki te la yo te soti nan sa Senyè a te vle revele l.

GSAM 385.2Nan enstriksyon ki nan lèt li a, li te dekri fason liberal pèp Kalifòni an, ak ki efè travay pami yo t ap genyen sou yon plan ki twò "chich". Lè y ap preche pou pèp Kalifòni an, yo dwe apwoche yo ak yon lespri ki sanble ak lespri liberal kote y ap travay la, men san yo pa gaspiye.

GSAM 385Siksè yo te prevwa a te rive

GSAM 385.3Kounye a, pandan m ap gade dèyè sou trant sèt ane ki sot pase yo depi travay la te kòmanse an Kalifòni, epi m konsidere sitiyasyon an lè sa a, ak kondisyon pèp la, ak fason nou t ap mennen travay nou an si se pa t pou temwayaj nou te resevwa a, epi pandan m ap temwen rezilta ki soti nan suiv enstriksyon yo te bay la, Mwen ka di ke koz nou an te avanse plis nan twa mwa pase sa l t ap fè nan yon ane si nou pa t jwenn èd "nan travay ministè a" grasa enstriksyon nou te resevwa atravè don pwofesi a. Jiska prentan 1871, kòm rezilta efò yo nan Konte Sonoma, senk legliz moun ki kenbe Saba te fin kanpe.

GSAM 386Premye Reyinyon anba Tant nan San Francisco

GSAM 386.1Nan mwa jen menm ane a, nou te monte tant nou an pou premye fwa, nan San Francisco. Kòm Pastè Bourdeau te retounen nan Lès, yo te voye yon lòt travayè ki soti Michigan pou pran plas li. Li te rive 17 jen, epi touswit li te mete tèt ansanm avè m nan travay nan vil la. Apre kèk semèn efò nan tant lan, nou te kontinye reyinyon nou yo jiska 1 Desanm 1871, nan sal nou te lwe. Kòm rezilta travay sa a, plis pase senkant moun te aksepte mesaj la nan San Francisco.

GSAM 386Eprèv Enteryè an Kalifòni

GSAM 386.2Jiska dat sa a, eprèv nou yo an Kalifòni te plis soti nan opozisyon deyò, men kounye a te leve yon eprèv lafwa nou pa t atann pou pèp nou an, ki te gen yon lòt karaktè. Yon kòlèg travayè te pèsiste nan yon konpòtman mwen te sèten ki t ap mete tèt li ak kòz la anba repwòch. Nou te gen kèk lènmi ki te rayi nou anpil nan vil la, ki t ap veye sou chak mouvman nou, e ki te pare pou pwofite nenpòt move aksyon pou fè nou mal. Se poutèt sa, li te vin ekstrèmman nesesè pou nou obeyi avètisman apot la ki di pou nou "evite tout aparans mechanste."

GSAM 386Endepandans Danjere

GSAM 386.3Mwen pa t di frè a te komèt yon peche reyèl nan aksyon li, men mwen te rezonnen ke lènmi nou yo t ap pwofite de sa li te di ki inosan an. Li te pran pozisyon ke li te gen dwa "fè jan l vle" nan zafè a, sitou lè yo te admèt pa t gen okenn peche nan sa l t ap fè a. Se konsa bagay yo te kontinye jiskaske 23 janvye 1872, lè m te soti nan Konte Sonoma pou m al San Francisco pou m wè sa ki te ka fèt pou mete yon fren sou bagay yo la.

GSAM 387.1Nan moman sa a, lènmi nou yo t ap pwofite de konpòtman li a jan m te pè a, epi li menm li te pran pozisyon pou l di "sa pa t afè pa yo," ke li t ap montre yo li gen pwòp tèt pa l, e li te ka mache nan lari a jan l vle, ak moun li vle, san yo pa gen dwa di anyen. Mwen te eseye, an prive, montre l ke yon konpòtman konsa pa t ap mache, e ke yon lespri endepandan konsa t ap fini pa pote mal. Li te gen zanmi l yo, ki te senpatize avè l anpil, e kèk ladan yo te kòmanse pran yon pozisyon ki t ap fè l sibi pi gwo repwòch toujou. Yon gwo pati nan legliz la te wè mal ki te genyen nan konpòtman dega l la, e yo te pare pou sipòte efò m t ap fè pou sove kòz la anba desonè.

GSAM 387Yo Fikse yon Reyinyon pou Ankèt

GSAM 387.2Se konsa bagay yo te ye jou Saba 27 Janvye a, lè yo te deside ke fòk gen yon ankèt sou ka a, epi legliz la dwe pran yon aksyon desizif pou sove yo anba move repitasyon lespri dezobeyisan sa a te gen anpil chans pou l te lakòz. Yo te fikse yon reyinyon pou kòmanse Dimanch 28 Janvye a 9 è nan maten, pou konsidere sitiyasyon an, ak devwa nou kòm legliz an rapò ak sa. Dapre tout aparans, yon divizyon nan legliz sa a te inevitab. Mwen te pase yon bon pati nan nwit sa a ap priye Bondye pou l te travay an favè nou.

GSAM 387Yon Konfesyon Alekri

GSAM 387.3Nan maten 28 la, pandan m t ap soti pou m al nan reyinyon an, mwen rankontre konpayèl travay mwen an sou twotwa a, toupre kote m te rete a, li t ap kriye. Li di m, "Frè Loughborough, mwen pap ale nan reyinyon an jodi a."

GSAM 387.4"Ou pap ale nan reyinyon an?" mwen di; "reyinyon an se pou ka pa w la."

GSAM 388.1"Mwen konnen sa," li di, "men se mwen ki nan tò nèt. Ou gen rezon nan pozisyon ou pran konsènan mwen an. Men yon lèt konfesyon mwen ekri pou legliz la; pran l epi li l pou yo. L ap pi bon pou ou, epi pi bon pou moun ki ta gen tandans senpatize avè m, si m pa la."

GSAM 388.2Mwen mande: "Kisa ki lakòz gwo chanjman sa a nan ou depi yè?"

GSAM 388Yon Vizyon Mèveye Resevwa

GSAM 388.3Li reponn, "Mwen te ale nan biwo lapòs yè swa, apre Saba a, epi mwen resevwa yon lèt nan men Sè White, ki soti Battle Creek, Michigan. Se yon temwayaj li ekri pou mwen." Pandan l t ap ban mwen l, li di, "Li sa, epi w ap wè kijan Senyè a wè ka m nan."

GSAM 388.4Li mande m pou m di legliz la ke li te resevwa yon temwayaj nan men Sè White, ki repwoche l pou konpòtman l, e ke li te aksepte l, paske se te laverite.

GSAM 388Karaktè Konvenkan Vizyon an

GSAM 388.5Sa a se te yon pati nan yon vizyon Madanm White te resevwa nan Bordoville, Vt., 10 desanm 1871. Li te kòmanse ekri pati ki gen rapò ak ka frè sa a 27 desanm 1871, men pou yon rezon kèlkonk, konpletasyon dokiman an te pran reta jiska 18 janvye 1872, lè sa a li te fini epi yo te poste l soti Battle Creek. Apre sa, li te pran anviwon nèf jou pou lèt yo te rive pa tè soti Michigan pou rive Kalifòni.

GSAM 388.6Nan vizyon, yo montre li anpil bagay yon fason pwofetik. Se konsa sa te ye nan ka sa a. Nan moman vizyon an, te gen sèlman yon lonbraj de sa ki te aktyèlman devlope lè temwayaj la te rive San Francisco. Lè nou konpare dat yo, n ap wè ke pik ka a nan San Francisco te rive apre temwayaj ki te ekri a te kite premye kote a. Frè nou yo nan San Francisco te wè touswit ke okenn moun pa t ap kapab ekri Battle Creek pou kominike enfòmasyon an bay Madan White alè pou li te ka ekri lèt sa a, paske sitiyasyon an poko te egziste nan epòk sa a.

GSAM 389.1Reyalite sa a te gen anpil pwa pou frè ki te la yo, sa te konvenk yo ke te gen yon pouvwa divin nan vizyon sa a. Mwen pa t ekri ni yon liy bay Pastè White oswa madanm li konsènan sitiyasyon an nan San Francisco, e kòlèg travay la te deklare li pa t ekri anyen; epi frè yo te di, "Si li te ekri, li pa t ap di bagay yo te revele konsènan li a."

GSAM 389Kijan Vizyon an te Ekri

GSAM 389.2Lè nou te vin konnen pita, nan lòt bout fil la, konsènan ekriti ak voye temwayaj la pa lapòs, sa te vin pi klè toujou ke Senyè a ki te bay vizyon an te gen swen pou moman li te ekri l epi voye l nan destinasyon l lan, yon fason pou l te rive la egzakteman a tan.

GSAM 389.3Byen bonè nan maten 18 janvye 1872, Madan White te reveye ak temwayaj sa a ki te make byen klè nan lespri li. Enpresyon an te tèlman klè pou li, se kòmsi se te yon vwa li tande ki t ap pale, "Ekri temwayaj sa a pou Kalifòni touswit, epi mete l nan pwochen lapòs la menm; yo bezwen l." Lè sa a repete pou yon dezyèm fwa, li leve, li abiye prese prese, epi li fini ekri a. Jis anvan dejene, li remèt li bay pitit gason li a, Willie, pandan l ap di l: "Pote lèt sa a nan biwo lapòs la, men pa mete l nan bwat depo a. Remèt li bay chèf lapòs la, epi fè l asire l mete l nan sak lapòs k ap soti maten an." Apre sa, li te di li te panse enstriksyon manman l yo te yon ti jan dwòl, men li pa t poze kesyon, li te fè jan yo te di l la, epi li te "wè lèt la antre nan sak lapòs la."

GSAM 389Pwèv Gidans Divin

GSAM 389.4Lè w konnen sitiyasyon nou te ye nan San Francisco nan epòk sa a, w ap fasilman wè enpòtans pou lèt sa a te rive nan menm lapòs sa a. Nan epòk sa a, nou te gen yon sèl lapòs terès pa jou. Si lèt la te rive dimanch swa, 28 la, olye de samdi swa, 27 la, san dout ta te gen yon gwo divizyon nan legliz la. Si l te rive plizyè semèn anvan sa, menm jis apre vizyon an te bay la, legliz la pa t ap wè fòs li tèlman fasil.

GSAM 390.1Men yon temwayaj ki te pote siy klè men Senyè a, non sèlman paske li te rive nan yon bon moman pou korije erè ki te la yo yon fason efikas, men, kòm frè a te aksepte l avèk imilite epi te mete l an pratik, li te gen yon gwo enfliyans pou pote inite ak estabilite nan legliz jèn sa a.

GSAM 390Fason pou Ekri Vizyon yo

GSAM 390.2Egzanp sa a sèvi tou kòm yon ilistrasyon pou deklarasyon pa l la konsènan fason pou l ekri sa l te wè yo. Sou pwen sa a, li di: "Mwen te reveye sot nan dòmi m ak yon santiman byen klè sou sijè yo te prezante nan lespri m deja; e mwen te ekri, a minwi, lèt ki te travèse kontinan an, epi lè yo te rive nan yon moman kritik, yo te evite yon gwo dezas pou kòz la."4

Notes

  1. Agayi 2:18, 19. ↩
  2. 2 Wa 8:7-15. ↩
  3. Efezyen 4:12. ↩
  4. Testimonies for the Church, Vol. 5, p. 671. ↩

Note

Back